Biyografi Atis Bedjine


 Marie Bedjine Love David fèt 3 janvye 1998 nan Pòtoprens, Ayiti. Depi lè li piti li te renmen chante nan legliz ak nan evènman lekòl.

Se nan legliz li te komanse devlope pasyon li pou mizik 


 Li lanse karyè li ofisyèlman an 2016 ak  “Prezantasyon alèkile” an kolaborasyon ak Fantom epi  Matyas. Apre sa, li fè anpil lòt kolaborasyon ak atis kap fè chemen nan mizik ayisyen


Men nan lane 2019, kolaborasyon li ak K‑Dilak pote gwo siksè nan karyè li. Gras a mizik “Fo Pwomès” ki te popilè anpil, epi “Pouki n te marye” an 2020 .

Yo kontinye ak lòt bèl mizik tankou “Engra”, “Pwomèt Mwen”, ak “Koupab”, ki fè yo vin youn nan pi gwo duo nan mizik konpa jodi a.


An 2021 , Bedjine te kolabore avek  Kai 

Kolaborasyon sa te mete Bedjine sou yon lòt platfòm, ansanm ak yon atis ki gen anpil renome nan HMI tankou Richard Cavé.

Kolaborasyon sa te montre kapasite Bedjine pou adapte l ak diferan stil ak atis, e li te ogmante kredibilite li kòm yon atis solid nan endistri a.


Nan karyè solo li, Bedjine pote mizik tankou “Tout va bien”, ki pale sou fòs fanm ak responsabilite. Mizik sa a gen plis pase 26 milyon vizyonaj sou YouTube. E li gen lòt mizik tou ki fe siksè tankou “Kita Nago”, “Koupe m sa”, ak “M anvi Bo w” 


Bedjine melanje mizik kompa tradisyonèl ak son modèn tankou R&B pandan li chante an kreyòl. Li abòde tèm tankou lanmou, rezistans, libète fanm, ak reyalite sosyal nan peyi a. Anplis mizik li, li angaje nan edikasyon ak sipò pou jèn ayisyen atravè platfòm 


An me 2025 , Bedjine kolabore sou  remix " Too Late 2.0” ansanm ak  Wendy Shay (Gana), Guchi (Nijerya), Phina (Tanzani)!

Gras ak kolaborasyon sa, Bedjine vinn touche yon lot publik sa ki fè gwo enpak sou karyè l


Aprè karyè mizik li, Bedjine se fondatè Bedjbeauty, yon mak bote ki ofri pwodwi tankou perik, makiyaj, ak lòt atik bote. Biznis sa a montre jan li gen yon vizyon ki depase mizik sèlman, e li sèvi kòm yon modèl pou fanm ki vle devlope tèt yo nan plizyè domèn.






*

Enregistrer un commentaire (0)
Plus récente Plus ancienne